Do you want to integrate MonCash into one of your projects? Use Moncashify... Learn more.

Aprann devlope aplikasyon mobil ak Flutter pou iOS ak Android

Jounen jodi a, depi wap pale de devlopman aplikasyon mobil, ou pa ka pa rantre Flutter. Majorite devlopè, antreprenè ka temwanye sa Flutter ye. Zouti sa revolisyone jan aplikasyon yo fèt kounya, epi l ede devlopè yo nan kreye aplikasyon (fyab, dirab, fonksyonèl) ki konpatib pou plizyè platfòm. Flutter gen yon komino…

Tags : Programming, GUI, Operating System (OS)
Course Reading Duration : 19 min 33 sec
Session lasts : 110 days
Views : 1651
Available in : Haitian Creole
Level : Medium
Fee: 7500.03,500.00 HTG
Pay & Enroll

Enroll Sessions
About the course
Haitian Creole

Jounen jodi a, depi wap pale de devlopman aplikasyon mobil, ou pa ka pa rantre Flutter. Majorite devlopè, antreprenè ka temwanye sa Flutter ye. Zouti sa revolisyone jan aplikasyon yo fèt kounya, epi l ede devlopè yo nan kreye aplikasyon (fyab, dirab, fonksyonèl) ki konpatib pou plizyè platfòm. Flutter gen yon kominote ki laj anpil, epi li ofri anpil asistans.

Kou sa la, pou aprann ou kòman pou itilize Flutter pou w kapab fè devlòpman aplikasyon(iOS ak Android) ki gen kalite, ki pwisan, ki enteraktif. Kit ou fèk derape nan devlòpman aplikasyon mobil oubyen ou se yon eksperimante nan lòt zouti devlopman mobil, ou ap kapab benefisye anpil epi amize w nan devlòpman aplikasyon ke Flutter ofri yo.

What you will learn

Ou pral aprann devlope aplikasyon ki tou konpatib pou iOS ak Android gras ak Flutter + Dart nan kou sa. W ap kòmanse depi nan baz la, epi w ap vin pi fò tant w ap avanse nan kou a. Pou w kapab mete tout sa w aprann yo an pratik, ou gen pou w pase anpil travay prati. Pa ekzanp, w ap gen pou w kreye yon aplikasyon chanje deviz lajan USD, HTG ak EURO.

Skills you will acquire
  • Kreye aplikasyon iOS ak Android ak yon sèl langa pwogramsyon ki rele Dart
  • Kreye aplikasyon natif ki vrèman bèl, rapid, ki gen kalite ak zouti ki rele Flutter a
  • Konesans bazik nan langaj pwogramasyon Dart
  • Entwodiksyon nan Git
  • Konesans sou rekèt SQL
  • Pouse yon aplikasyon sou Google Store ak Apple Store
  • Jere stokaj lokal nan yon aparèy
Course requirements
  • Yon òdinatè 4 GB RAM minimòm, 8 GB RAM rekòmande.
  • 4 GB rekòmande (500 MB pou IDE a + 1.5 GB pou Android SDK ak emilatè yo)
  • Ou dwe gen minimòm 2 GB sou HDD a.
  • Yon ekran rezolisyon 1280 x 800 minimòm
Part #1 - Dekouvri Anviwònman
1.- Kisa ki Flutter?
4 min 31 sec
2.- Enstalasyon Flutter
3.- Konfigire yon IDE
4.- Entwodiksyon nan Dart
10 min 41 sec
5.- Premye aplikasyon w 17 min 33 sec
20 min 7 sec
6.- Itilize map nan Flutter
PW #1.- Aplikasyon blòg
QUIZ: #CD384CA499 2 min
Part #2 - Entèfas Itilizatè A
7.- Ba nan Scaffold
8.- Bouton nan Scaffold
9.- Fenèt ak navigasyon
10.- Lis eleman
11.- Drawer nan Scaffold
12.- Widjèt stateful vs stateless
PW #2.- Jwèt - Hangman
QUIZ: #68ADE90027
Part #3 - Plis Kontwòl Entèfas
13.- Jere widjèt pou fomilè
14.- Kontwolè ak TabBar
15.- Afiche imaj
16.- Stokaj lokal
17.- Koneksyon ak yon API
18.- Rale pou rafrechi
PW #3.- Ti-Boutik Anliy
QUIZ: #0BBC77E448
Part #4 - Zouti Avanse
19.- Modelizasyon
20.- SQFlite pou baz done
21.- Notifikasyon
22.- Siyal notifikasyon ekstèn
23.- Fenèt alèt ak AlertDialog
PW #4.- To Chanje Lajan
QUIZ: #6637A2B014
Part #5 - Deplwaman
24.- Konpile yon aplikasyon pou Android
25.- Ajoute aplikasyon nan stò Google la
26.- Konpile ak ajoute aplikasyon nan stò Apple la
PW #5.- Pwojè final - eFundus

Certification


Lub Lorry Lamysere
Author, Instructor

Software Developer | Entrepreneur